29-Nov-2009
   

 

 
BOUTIK AKASAN

 

MISYON NOU SE

Ede Ayisyen toupatou envesti kouray ak resous yo nan konbit ki pote lavi miyò pou Ayisyen.

KONBIT

Potorik mo Kreyòl sa a souche nan yon tradisyon zansèt Afriken nou yo te envante pou yo travay latè. Se yon tradisyon ki kontinye pote bon jan avantaj, jouk jodi jou, pou travayè latè ki ap feraye toupatou nan fon kè peyi a.

SE KINAN N


4 je kontre !

Se apwòch AKASAN adopte pou li mete ou okouran sa k ap brase nan mitan nou opwendvi devlopman.

4 je kontre vle di AKASAN ap itilize yon latriye foto, videyo ak lòt zouti miltimedya pou li ede Ayisyen toupatou wè epi analize ki pwogrè k ap reyalize nan yon seri pwojè kote Ayisyen kole zepòl youn ak lòt pou yo jwenn lavi miyò pou pwòp tèt yo, pou kinan yo, pou nasyon yo.


   

AKASAN kanpe sou prensip Ayisyen se yon nasyon fanm ak gason vanyan ki konn travay epi ki gen fyète. Yon nasyon ki deja pote gwo kontribisyon pou limanite, espesyalman nan goumen pou desitire malsite yo te bay pou lesklavaj rasyal la sou fas latè. Jodi a, Ayisyen kontinye ap goumen kont lamizè ekstrèm ki se yon konsekans chwa istorik nasyon sa a te fè pou li kanpe an kwa devan tout anpi sipremasis blan ki t ap fè-e-defè depi 15zyèm syèk la. Kidonk, lamizè kri sa a Ayisyen ap konbat la gen rasin ki fon rive jouk 5 syèk annaryè. Pou nou pote laviktwa kont yon lenmi kòryas konsa, fòk Ayisyen jwenn solidarite sensè epi veritab.

Gade epi koute konbit la k ap grandi nan AKASANTV !

PLACE YOUR BID TODAY!

Lacharite pa p itil nou anyen! Se poutèt sa menm BOUTIK AKASAN an se yon vitrin ki chaje ak atizay-bèbèl 100% Ayisyen. Yo la pou vann oplizofran. Benefis lavant sa a pra l ede òganizasyon an soutni pwotokòl aktivite san pran souf li, ki alèkile repoze sou lestomak dezoutwa Bon Ginen ki aksepte ranmase chay la.

Si ou remake yon kichòy ou ta vle achte, voye yon mesaj imèl pou nou ak nimewo itèm nan epi pri oumenm ou ofri pou li. Si pri a bon, n ap reponn ou ak yon mesaj epi detay ki esplike kijan ou ka jwenn bèl ti atizay-bèbèl ou achte a.

Annatandan, gade pa boule je...Klike sou foto pi wo a pou ou vizite boutik AKASAN an. Anverite, ditou, ou pa p regrèt!

 


    4 je kontre

    Travay n ap travay!

 

 

 
   
   
   
   
   
   
   
   
   
   
 

 

Nou apiye:...

Inisyativ ki kore ak fòs Ayisyen

Pouvwa ekonomik Ayisyen

Bon vivasyon ki souche nan tradisyon Ayisyen

Koneksyon toupatou sou planèt latè

Konbit ak opòtinite...

k ap ede pèp Ayisyen fè pwogrè...