| |
||||||||
![]() ![]() |
||||||||
![]() |
19-Oct-2008 |
|
||||||
|
|
|||||||
| |
|
|||||||
| ONÈ
AK ANPIL RESPÈ ! |
MISYON NOU SE Ede Ayisyen toupatou envesti kouray ak resous yo nan konbit ki pote lavi miyò pou Ayisyen. KONBIT Potorik mo Kreyòl sa a souche nan yon tradisyon zansèt Afriken nou yo te envante pou yo travay latè. Se yon tradisyon ki kontinye pote bon jan avantaj, jouk jodi jou, pou travayè latè ki ap feraye toupatou nan fon kè peyi a. SE KINAN N
4 je kontre ! Se apwòch AKASAN adopte pou li mete ou okouran sa k ap brase nan mitan nou opwendvi devlopman. 4 je kontre vle di AKASAN ap itilize yon latriye foto, videyo ak lòt zouti miltimedya pou li ede Ayisyen toupatou wè epi analize ki pwogrè k ap reyalize nan yon seri pwojè kote Ayisyen kole zepòl youn ak lòt pou yo jwenn lavi miyò pou pwòp tèt yo, pou kinan yo, pou nasyon yo. |
|||||||
| AKASAN se yon konbit Ayisyen toupatou ki ap ap mobilize resous tout kalite pou yo kore yon latriye aktivite Ayisyen mete sou pye ak Ayisyen pou Ayisyen. Se Ayisyen Ki Ap Soutni Ayisyen Nètalkole ! KOUMAN AKASAN TRAVAY (METÒD AK ZOUTI PRENSIPAL YO) Aksyon AKASAN chita sou 4 metòd: I. JIJE - Chak ane, AKASAN ap resevwa yon latriye
pwojè k ap mande li bourad. Li va itilize yon Sistèm Evaliyasyon
Pwojè (SEP) pou li jije valè yon pwojè selon kritè
ki etabli alavans pou mezire avantaj li ofri Ayisyen l ap afekte yo.
Si pwojè a resevwa ase kredi, AKASAN kategorize li SEP+ (jiskaske
li pase yon lòt evaliyasyon). III. EDE FINANSE – AKASAN ofri chèk premye bourad ($100 - $1000) + pou pwojè SEP+ ki bezwen kout men pou yo ka tabli yon sistèm rapòtay ki chita sou prensip 4 je kontre (pou òganizasyon an achte kamera dijital elatriye...). AKASAN pataje lòt resous ki apwopriye ak yon pwojè SEP+, li fè moun toupatou konnen kouman, ki lè, ki bò yon pwojè SEP+ ap kolekte lajan ak lòt resous. IV. EDE JERE: AKASAN ap jere yon Sistèm pou
Suiv Evolisyon yon Pwojè Sou Entènèt (SEPSE) dekwa
pou sipòtè yo kapab genyen yon lide ki kote ki gen bezwen,
kisa ki reyalize ak sipò ki rive jwenn pwojè a jiskaprezan.
Nan SEPSE a, ki va konekte ak sit entènèt www.akasan.org
la, nenpòt moun, nan nenpòt peyi, nenpòt ki lè,
va kapab gade videyo ak foto api tande son ki esplike ekzakteman ki
kote yon pwojè rive. Ki kantite travay ki deja fèt, ki
sa ki rete pou fèt. Evantyèlman, vizitè sit la
va kapab jwenn lòt detay tou tankou foto chèk yo te voye
bay yon pwojè, plak komemoratif ki konfime yon kontribisyon wotpòte
yon pwojè "x" te resevwa, tèl dat pou tèl
rezon, elatriye. Konpatriyòt, pran san ou vizite tout ti kwen nan paj entènèt sa a. Epi, etan ou ap fè sa a, souple kite lespri ou vwayaje. Kite l mennen ou nan kalfou patisipasyon, kote oumenm tou, ou va pote kichòy - kit se zouti, kit se angrè, pou ou ede konbit la vin pi efikas, pi djanm chak jou ki jou. Nou anreta se vre, men li pa twò ta! Respè pou ou kouzen !
![]() |
||||||||
| |
||||||||
|
Nap apiye:... Inisyativ ki kore ak fòs Ayisyen Pouvwa ekonomik Ayisyen Bon vivasyon ki souche nan tradisyon Ayisyen Koneksyon toupatou sou planèt latè Konbit ak opòtinite... k ap ede pèp Ayisyen fè pwogrè... |
||||||||
| |
|
|||||||